
Nou sèvi kominote katolik ayisyèn nan Chicago atravè adorasyon, fraternite, ak sipò pou fanmi yo ansanm ak nouvo imigran yo.
Misyon Katolik Ayisyèn nan se yon kay espirityèl vivan pou kominote ayisyèn Chicago. Depi ane 1970 yo, nou toujou rasanble pou selebre lafwa nou, kilti nou ak idantite nou kòm katolik ayisyen. Atravè lapriyè, litiji ak lavi kominotè, nou kontinye kenbe vivan eritaj espirityèl ak kiltirèl ki ini nou.
Nou sèvi kominote a atravè Lamès Dimanch a 4:00 PM ansanm ak lòt selebrasyon litijik an kreyòl ayisyen ak fransè nan Parwas Sen Bakhita (Legliz Saint Philip Neri), ki chita nan 2132 East 72nd Street, Chicago, Illinois. Gras ak devouman klèje a, volontè yo ak fidèl yo, Misyon an kontinye rete yon limyè espwa, lapriyè ak eritaj ayisyen nan kè vil Chicago.
Misyon Nou nan Achidyosèz la
Misyon Katolik Ayisyèn nan se yon antite pawasyal nan Achidyosèz Chicago. Lè li swiv direktiv pastoral ak pwosedi Achidyosèz la, Misyon an reponn ak bezwen espirityèl katolik ayisyen yo pandan li pataje richès lafwa ak kilti ayisyèn nan avèk Legliz lokal la.
Kominote a rasanble pou sèvis relijye nan lang ayisyen epi li selebre fèt relijye ak fèt nasyonal ki gen rapò ak Ayiti, konsa li ede prezève ak pataje eritaj nou an nan Achidyosèz la.
Manm nan Misyon an
Tout katolik ki gen orijin ayisyèn nan Achidyosèz Chicago konsidere kòm manm an jeneral nan Misyon an.
Manm regilye devlope lè moun patisipe regilyèman nan lavi Misyon an, tankou Lamès Dimanch, rasanbleman kominotè, retrèt ak aktivite sosyal ak espirityèl. Pwosesis enskripsyon an ede idantifye manm regilye yo epi ranfòse sans apartenans nan kominote a.
Lidèchip ak Òganizasyon
Malgre Misyon an pa gen yon prèt rezidan kounye a, lavi pastoral ak administratif li dirije pa Konsèy Pastoral la ak Konsèy Finans la, an kolaborasyon ak Achidyosèz Chicago.
Konsèy Pastoral la ede gide lavi ak lespri Misyon an, kowòdone aktivite yo, sipòte gwoup ministè yo epi prepare rapò anyèl pou Achidyosèz la. Konsèy la akonpaye pa Papa Rodolph Arty ki sèvi kòm konseye espirityèl ak monitè, patisipe nan reyinyon yo epi ede nan gwo desizyon ki konsène Misyon an.
Konsèy Finans la responsab pou bon jesyon resous yo, bidjè a ak efò devlopman ki pèmèt Misyon an kontinye ministè li yo epi sèvi kominote a avèk responsabilite.
Ministè ak Gwoup Travay
Plizyè ministè ak komite soutni lavi pastoral ak kominotè Misyon an pandan yo akeyi nouvo manm ki vle sèvi.
Ministè ki egziste kounye a yo se:
• Afè Sosyal (Loisirs)
• Koral
• Ministè Litiji
• Gwoup Sipò
• Ekip Bilten
• Ministè Jèn yo (an devlopman)
• Gwoup Rozè
• Gwoup Karismatik
• Ministè Akèy ak Itye
Gwoup sa yo travay kole kole ak Konsèy Pastoral la epi yo bay rapò regilye sou aktivite yo pou ede nan devlopman ak sèvis kontinyèl Misyon an.
Yon Kominote Lafwa ki Vivan
Anvan tout bagay, Misyon Katolik Ayisyèn nan se yon fanmi lafwa kote plizyè jenerasyon rasanble pou priye, selebre, sipòte youn lòt epi transmèt eritaj espirityèl ak kiltirèl Ayiti bay jenerasyon kap vini yo.
Tout moun byenveni pou patisipe nan lavi kominotè ak nan lapriyè ansanm avèk nou.
Keep Haiti in your Prayers
Pou anpil nan nou, Ayiti se plis pase yon peyi; se yon rèv nou pote nan kè nou: rèv yon peyi anpè kote pitit li yo ka retounen, repoze, epi viv ak diyite pandan y ap tann jou Papa nou ki nan syèl la rele nou lakay Li.
Jodi a, Ayiti nou wè a blese, e pafwa lavni an sanble pa twò klè. Men malgre tout soufrans yo, nou toujou rekonèt Ayiti Bondye beni a, yon tè ki gen bèlte ekstraòdinè, yon pèp ki gen lafwa solid, epi moun ki rekonèt pou chalè yo, kouraj yo, ak sans akey yo.
Nou kwè Bondye pa bliye Ayiti. Li menm ki veye sou tout nasyon yo ap entèvni pou geri epi rebati peyi nou. Petèt nou tout pap wè jou delivrans total Ayiti a, men nou kwè chak lapriyè fè jou sa a vin pi pre.
Ann pa janm bouke priye. Ann kenbe espwa vivan atravè lafwa, inite, ak lanmou pou peyi nou.

